Fela Ayiti: nesesite pou nou mete tèt nou ansanm pou konstwui Ayiti

Partager ceci avec

Nou se yon Oganizasyon ki la pou travay sou Agrikilti, Ekoloji e Lasante.
Nou baze Ti Laurier nan Wanament. Nou travay avèk timoun e granmoun Ayisyen ki soti Sendomeng yo. Nou travay avèk timoun ki nan sitiyasyon vilnerab. Nou travay avèk peyizan yo. Pafwa, lè peyizan yo gen pwoblèm nou kowopere avèk yo nan ka maladi, nan ka lanmò. Nou kreye anplwa nan domèn agrikilti an. Nou gen yon gwoup medsen nan òganizasyon ki kreye klinik mobil nan seksyon pou ede moun ki bezwen swen lasante yo kapab jwenn menm si yo pa gen anpil mwayen.
Nou genyen yon lekol nou kreye pou timoun ki nan sitiyasyon difisil yo nan lari a e timoun ki soti Sendomeng yo. Nou rele l Ecole Communautaire de Ouanaminthe Haiti (ECOH – ETWAL). Lekol la te kreye le 11 oktob 2018. Paran yo pa gen gwo mwayen se nou menm ki degaje nou pou peye pwofesè yo.


Partager ceci avec
Hi, I’m FELA HAITI ORGANISATION

FELA AYITI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *