Klèd Joachim charitable nan Wanament.

*Non:* Joachim Charitable
*Direktè Òganizasyon:* OASPKA
*Objektif Òganizasyon an:*
OASPKA se yon òganizasyon ayisyen ki sòti Sendomeng ak yon vizyon pou konstwi Ayiti nan diferan sektè enpòtan. Nou angaje nan:
– *Klèb pou ti moun*
– *Lekòl ak edikasyon*
– *Agrikilti*
– *Sante*
Nou ap travay pou konstwi yon peyi modèn ak dirab, kote chak moun ka jwenn opòtinite pou avanse.
*Pwojè: Klèb “Lavi Nou” – Enstiti pou Ti Moun Envilnerab*
*Entwodiksyon:*
Pwojè “Lavi Nou” se yon inisyativ ki vize bay ti moun ki soti nan kominote a,ak timoun imigrasyon Sendomeng voye vini yo.ka jwenn proteksyon ak resous yon espas kote yo ka aprann, devlope talan yo, epi jwenn sipò nan batay yo kont mizè ak ensekirite. Klèb sa a gen pou objektif ofri timoun yo yon opòtinite pou avanse nan lavi, bati konfyans nan tèt yo, epi jwenn bonjan fòmasyon.
*Objektif Pwojè a:*
1. Bay yon espas san danje kote ti moun yo ka aprann nouvo bagay tankou literati, matematik, ak atizana.
2. Ofri fòmasyon sou ladrès lavi, tankou jere emosyon, solisyon pwoblèm, ak devlopman pèsonèl.
3. Kreye aktivite kreyatif (mizik, dans, desen) pou ede timoun yo dekouvri kapasite yo.
4. Bay ti moun zouti yo bezwen pou soti nan kondisyon ensekirite ak chomaj.
5. Angaje kominote a nan soutni ak anseye nouvo jenerasyon an ki pral vini.
*Aktivite Pwojè a:*
1. *Leson Edikatif:* Fòmasyon nan lang, matematik, syans ak literati.
2. *Atelye Kreyatif:* Aktivite tankou desen, mizik, dans ak teyat pou eksprime kreyativite.
3. *Sware Devlopman Pèsonèl:* Atelye sou konfyans nan tèt, relasyon sante, ak fòmasyon sou administrasyon tan.
4. *Jou Aktivite Sportif:* Aktivite espò tankou foutbòl oswa basketbòl pou devlope kapasite fizik ak travay ann ekip.
5. *Rencontres ak Mentora:* Chèche moun ki ka sèvi kòm modèl pou timoun yo, bay konsèy ak enspirasyon.
*Benefis Pwojè a:*
– *Sipò Kominotè:* Ti moun yo pral santi yon sipò solid ki sòti nan kominote a ak lòt moun ki vle wè yo reyisi.
– *Devlopman Sosyal:* Pwojè a ap ede ti moun yo devlope kapasite sosyal tankou travay ann ekip, rezolisyon konfli, ak konpreyansyon emosyonèl.
– *Fòmasyon pou Avni:* Timoun yo pral gen opòtinite pou aprann konpetans ki itil nan lavi, tankou administrasyon tan, objektif pèsonèl, ak kapasite pou travay ann ekip.
*Mwayen pou fè pwojè a reyisi:*
– *Resous Mank:* Nou ap fè apèl a kominote a ak òganizasyon yo pou bay don (materyèl edikatif, espas pou itilize, oswa finansman).
– *Bénévoles ak Moun Kap Bay Konsèy:* Nou ap chèche volontè ki ka ede ak fòmasyon, fè aktivite, ak bay konsèy.
– *Kolaborasyon ak Lekòl ak Legliz:* Nou pral kolabore ak lekòl lokal yo, legliz, ak lòt òganizasyon kominotè pou jwenn plis sipò.
Pou plis enfòmasyon,Kontakte nou:*
– *Telefòn:* 509-4002-1692 / 509-4012-3207
– *Email:* charitablej5@gmail.com
Wanament tilorye Nòdès Ayiti.
Mèsi anpil ede nou fè lòt moun viv pwojè a .
