Kiyès nou ye

Partager ceci avec

Kiyès nou ye?

Nou baze Ti Laurier nan Wanament. Nou travay avèk timoun e granmoun Ayisyen ki soti Sendomeng yo. Nou travay avèk timoun ki nan sitiyasyon vilnerab. Nou travay avèk peyizan yo. Pafwa, lè peyizan yo gen pwoblèm nou kowopere avèk yo nan ka maladi, nan ka lanmò. Nou kreye anplwa nan domèn agrikilti an. Nou gen yon gwoup medsen nan òganizasyon ki kreye klinik mobil nan seksyon pou ede moun ki bezwen swen lasante yo kapab jwenn menm si yo pa gen anpil mwayen.

Partaje sit nou an :

Nou envite w pataje sit nou an pou pèmèt plis moun konnen e patisipe nan travay nou an. Konsa nou chak ap pote kontibisyon nou jan nou kapab.

Misyon ak Vizyon

Vizyon nou se

Vini ak yon agrikilti modèn.jis pou nou kapab dechouke ensekirite alimantè anmitan sonsyete nou an. Kreye yon Sant profesyonèl pou jèn imigran ki depòte ki andan peyi a kap viv yon vi mizèrab Paske se moun vini yoye.yo pagen jaden ,ni komès,nap travay pou kreye djòb,epi ,ede yo gen pwofesyon. Kreye anplwa pou tout jèn,ak moun imigran yo. 1:kòmanse ak fè jaden.plante kann,pistache,manyòk.mete fabrik de transfòmasyon.nou ka fè kleren,siwo,alkòl.rapadou. Nou ka fè farîn.kasav,bonbon dous.ji manyòk. Manba pistach,chanmchanm. Klèb program kiltirèl pou timoun yo. Anmizman pou yo ka bliye move sitiyasyon. Bay yo fòmasyon,konseye yo.montre yo Kòman pou yo plante sèkle ,konbyen gren semans yo dwe mete nan trou tè a.kilè pou yo fè seklaj ladan’l.kilè yo ka fè awozaj. Nou montre yo aprann renmen.apwann viv. Apwann sakibon.renemen kreyatè a. Adapte yo ak bagay kigen lavi. Nou genyen teren jaden ki disponib. Men se mwayen lajan materyèl pou travay tè yo nou pa genyen.moun yo la,tè yo la. Nou genyen yon group medsen nan mouvman an.nou konn pote klinik mobil kay peyizan yo.nanzòn envilnerab yo.nou vle kontinye ak plis posiblite materyèl e medikaman. Nou regroupe nou ak plizyè plantè nan plizyè zon tankou Wanament, Senmichèl delatalDy, Mòtonganize, Akilsamdi,Akil de pen. Nou vle yon lekòl ki genyen tout ekipman li.yon pibon lokal.eplis materyèl pou avansman lekòl la.

FELA HAITI

Nou vle fasilite Ayisyen reyini pou nou kapab fè kolaborasyon sou pwojè ki kapab sove lavi e ede moun avanse.


Partager ceci avec