ECOH ✮

Partager ceci avec

✮ÉCOLE COMMUNAUTAIRE DE OUANAMINTHE✮

Dat lekòl (ECOH ÉTOILE)
Ecoh etwal .lekòl kominotè de Wanament etwal.
Ecoh te pwan nesans li nan tilorye Wanament Nòdès Ayiti.nan jou kite 11 Obtòb 2018.
A7 tè nan maten.Nou te kòmanse ak 36 timoun.20 tifi 14 ti gason.
Nou te kòmanse ak 6 klas.
Kendè a 3 zyèm âne fondamantal

Lekòl la fonde ak yon komite egzekitif.
Fondatè gadyen konseye trezorye
Sekretè.
Nou te kòmanse ak 5 profesè.
Raymond Julmist.
Bienn Aimé Dutrevil.
Danie
Danilov
………………………………….
Lekòl la kreye nan objektif pou retire timoun ki vilnerab yo nan lari a.
Jan nou tap gade sitiyasyon an antanke sitwayen nan zòn nan ,nou reyini yon fason pou kreye mete sou pye yon mouvman lekòl pou ede fanmiy ki nan kominotè a jwen mòso edikasyon jis pou sove fiti nouvo jenerasyon kap vini an

Mete Tèt ansanm nan kolaborasyon pou yon pibèl jenerasyon solid nan sonsyete ayisyèn nan
Kreye espwa ak lajwa pou ti moun .fè yo santi yo moun tankou tout moun.lisifike genyen yon desizyon ki pwan jis pou pou rèv la vini ak yon reyalite.pou sove demen timoun yo.

Lekòl la pa peye.nil pat gen leta kite ede men se mesye Joachim charitable ki peye tout profesè nan richèz li.li chwazi depanse pou yon nouvèl jenerasyon solid.men nap rele mande sekou pou ede nou jis pou nou kapab kontinye ak objektif la.kise ede ti moun yo ak edikasyon an

Nese site nou.
Pèyman profesè
Nouriture pou timoun yo
Yon pibon lokal
Dlo pòtab
Sayo se pi gwo pwoblèm nou .
Rèv nou menm.
Se angaje nou pou timoun yo leve profesyonèl.
Ak yon bon edikatif
Kreye aktivite pou tout moun ka viv.
Ak yon bèl demen

Pou yon zòn demen lapè.
Temwen se ou pouki chanje peyi a.


Partager ceci avec