Charitable JoachimFondatè & Direktè Lekòl Ecoh ÉtoileWanament, Nòdès, Ayiti📞 WhatsApp: +509 4002 1692✉️ Email: charitablejoachim4@gmail.com💳 MonCash: +509 4002 1692

Partager ceci avec

📄 Sijè : Apèl pou Solidarite ak Sipò pou Relouvèti Lekòl Ecoh Étoile

A tout zanmi, patnè, sitwayen angaje, ak moun ki kwè nan chanjman,

Mwen salye nou ak tout respè ak rekonesans. Mwen se Charitable Joachim, fondatè ak direktè Lekòl Ecoh Étoile, ki chita kò li nan zòn Wanament, nan Nòdès Ayiti.

Lekòl sa a fèt ak vizyon pou bay edukasyon de baz ak valè moral pou timoun ki plis vilnerab yo — sitou sila yo ki soti nan fanmi ki pa gen ase mwayen, oswa ki te sibi retou difisil apre depòtasyon soti Sendomeng.

Depi 7 lane, m’ap mennen batay sa ak kouraj, kote m te finanse fonksyònman lekòl la ak resous pèsonèl mwen: peye pwofesè, achte materyèl, ofri sipò timoun yo — san okenn èd ekstèn regilye.

Jodi a, mwen jwenn mwen fas ak limit ekonomik ki anpeche m kontinye pote chay sa pou kont mwen. Se poutèt sa, mwen lanse apèl sa a:
Yon apèl pou solidarite.
Yon apèl pou avni timoun sa yo.
Yon apèl pou ede nou relouvri pòt Lekòl Ecoh Étoile pou ane lekòl la.

📌 Ki jan ou ka ede?
Transfer:Natcash.509-4002-1692.joachim charitable.Western union.
Uni transfer.Cam .Many gram.
Tilorrier Wanament Nòdès Haïti


Partager ceci avec
Hi, I’m FelaHaiti_organisation

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *