APÈL POU SOUTYEN AGRIKILTI AN AYITI*Relans pou lavi, diyite ak devlopman dirab

Joachim Charitable
Sitwayen angaje, Direktè Fondatè ECOH Étoile, Ouanaminthe
Dirèktè Fondatè Òganizasyon OASPKA.
Mesaj mwen senp, men li fon:
Nou pa ka pale de devlopman Ayiti san nou pa mete agrikilti nan sant vizyon nou. Tè a se sous lavi, epi li merite swen, lanmou ak angajman nou.
✅ SA M DEJA KÒMANSE:
- Yon espas agrikòl deja aktif nan Tilorrier, Ouanaminthe
- Premye etap plante ak ti mwayen
- Vizyon pou kreye yon Sant Agrikilti Kominotè ak Fòmasyon pou Jèn
🎯 OBJEKTIF NOU:
- Relanse pwodiksyon lokal pou diminye grangou
- Fòme jèn ak fanm sou agrikilti modèn
- Kreye jaden kominotè ak kooperativ
- Bati rezo solidè pou agrikilti vin yon mwayen chanjman
🤝 KIJAN OU KA PATISIPE?
- Bay don: semans, zouti, tè, oswa sipò finansye
- Pote eksperyans oswa konekte nou ak patnè
- Ankouraje lòt moun patisipe oswa vizite pwojè a
📍 Lokalizasyon:
Tilorrier, Ouanaminthe, Nord-Est, Haïti
📞 Kontak:
WhatsApp / Telefòn: +509 4002-1692
Email: chariatablejoachim4@gmail.com
**Ann mete men ansanm pou n simen espwa.
Yon pye bwa jodi a, se lavi pou jenerasyon demen.



