Kouraj ou menm kap soufri.

Partager ceci avec

🌿 “Maladi se pa fen wout la, se yon pasaj. Kò ou ka fèb, men kè ou toujou gen fòs. Pa janm bliye, ou pa poukont ou — gen yon Bondye ki wè ou, ki tande ou, e ki kenbe ou nan men li.

Chak doulè ou santi se pa yon neglijans, men se yon opòtinite pou Bondye montre jan li fidel. Kouraj pa vle di ou pa gen laperèz, men li vle di ou kontinye menm lè ou pè. Pa kite maladi di ou kiyès ou ye. Ou se plis pase sa ou ap pase.

Mete lafwa ou nan Bondye, mete konfyans ou nan gerizon li. Lè kò a febli, se lespri a ki leve. Chita sou pawòl Bondye a, lapriyè, epi koute silans li — paske pafwa, li pale pi fò nan moman kalm yo.

Pa janm lage tèt ou bay maladi.leve tèt ou ak kouray


Partager ceci avec
Hi, I’m FelaHaiti_organisation

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *