🌱 AGRIKILTI SE FÒS NOU: ANSANM POU YON AYITI KI SOTI PI LWEN! 🇭🇹

Partager ceci avec

NOU LANSE YON APÈL POU REYINI TOUT SITWAYEN KI KWÈ NAN DEVLOPMAN!

Agrikilti se rasin lavi. Mwen menm, Charitable Joachim, lanse yon inisyativ agrikòl ann Ayiti pou mete sou pye yon devlopman reyèl, dirab, e ki mete valè sou potansyèl tè nou yo ak fòs travay pèp nou.

Nan jaden nou, gen jèn ak granmoun, fanm ak gason, imigran k’ap chèche lavi miyò, e menm moun ki soti Mibalè bandi mete deyò yo, ki vin chèche travay. Yo bezwen opòtinite. Men kapasite mwen limite. Mwen pa ka pran plis moun paske mwayen ekonomik mwen fèb.

SE POU SA MWEN LEVE VWA’M POU RELE FÒS!
Mwen mande sipò chak moun ki kwè nan lavni Ayiti, pou nou ka kreye plis pase 1000 djòb epi ogmante pwodiksyon nasyonal la. Se konsa n’a konbat grangou, mizè, e mete Ayiti sou chimen devlopman.

OBJEKTIF NOU?

  • Bay travay a plis fanmi
  • Modènize agrikilti
  • Fè Ayiti manje sa li pwodui
  • Mennen chanjman san pale anpil

NOU PA BEZWEN PALE POLITIK – NOU BEZWEN AKSYON!

📞 KONTAKTE NOU:
+509 4002-1692 / 4012-2307
✉️ charitablejoachim4@gmail.com

PATAJE VIZYON SA. SIPÒTE MOUVMAN AN.
ANSANM, NAP REBAT AYITI SOU FONDASYON TÈ A! 🌾🇭🇹


Partager ceci avec
Hi, I’m FelaHaiti_organisation

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *