✉️ APÈL A SEKTÈ PWOTESTAN AN AYITI — POU YON LEVANJIL KI TOUCH TÈ APa : Joachim Charitable📞 Tél : +509 4002-1692 / +509 4012-2307📧 Email : charitablejoachim4@gmail.com📍 Adrès :Wanament, Nòdès, Ayiti

Partager ceci avec

Chè Frè ak Sè nan Kris,
Jodi a, Ayiti ap rele nou pou nou leve, mete konviksyon nou, konesans nou, ak lafwa nou ak tout fòs nou,pou ranmase espwa pèp la.

Nou kwè legliz la se pi gwo fòs moral, espirityèl ak kominotè peyi a genyen. Epi fòk li jwe wòl li nan yon dimansyon pi laj, pi vizyonè, e pi angaje.

Agrikilti se sous lavi. Men li neglije.

Nou envite tout legliz Pwotestan rantre nan yon mouvman renouvèlman espirityèl ki entegre devlopman agrikòl pou:

  • Redui grangou,
  • Ankouraje endepandans ekonomik,
  • Apiye manm legliz yo ak kominote yo.

Vizyon nou se sa:

  1. Chak kretyen ta dwe plante omwen 5 pye fwi pa mwa.
  2. Chak fanmi legliz ta dwe genyen 2 a 3 pye bwa fwi lakay yo, selon espas.
  3. Chak rasanbleman oswa legliz lokal ta mete sou pye 2 oswa 3 jaden kominotè.
  4. Moun kap travay yo ta jwenn rekonpans avèk diyite.

Se pa tan pale, se tan plante. Se pa tan tann, se tan leve.


Partager ceci avec
Hi, I’m FelaHaiti_organisation

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *