
Kominote modèn nan
Mwen se Joachim Charitable,
M’ap pale w depi Acul des Pins, nan Nòdès Ayiti, dezyèm seksyon Wanament.
Nou lanse yon nouvo pwojè vilaj nan zòn Acul des Pins — yon kote kalm, vèt, ak anpil potansyèl. Vilaj la chita sou yon ti wotè, ki bay yon bèl panoramik sou plizyè lòt rejyon, e tè a toujou vyèj.
Nou prevwa bati yon kominote modèn ki gen ladan l:
- Legliz
- Lopital
- Lekòl
- Dlo potab
- Enèji elèktrik
Sa se yon opòtinite pou ou vin konstwi pwòp kay ou, viv nan lapè, epi envesti nan yon zòn kap devlope.
Si ou enterese, pa pèdi tan — vini chwazi tè pa w!
Rele nan +509 4002 1692 (watsap) pou plis enfòmasyon.






